AYITI/PWOTESTASYON L: SPNH LA KANPE BYEN LWEN ATAK KI TE FÈT SOU RADYO TELEVIZYON CARAÏBES LA.

Gwoup ki ap revandike pou gen yon sendika anndan enstitisyon polis nasyonal la nan yon nòt yo fè sòti jounen Mèkredi 26 Fevriye 2020 an kondane epi kanpe byen lwen atak ki te rive fèt sou Radyo televizyon Caraïbes (RTVC) la, daprè gwoup sa se enfòmasyon moun ki vle kraze lit yo a, paske yo pa anfas Laprès ni yo pa gen pwoblèm avèk (RTVC) paske yo la pou menm misyon ki se bay pèp ayisyen an sèvis.

Yanick JOSEPH ki se yon Polisyè ki nan tèt mouvman sa fè konnen revandikasyon yo a pa gen anyen pou wè avèk politik men sa pa anpeche gen enfiltrasyon ki fèt pou kraze lit yo kise mande pou gen yon sendika pou polisye yo yon fason pou genyen yon pi bon kondisyon pou yo travay.

Yo fè konnen SPNH la p’ap fè bak e yo pwofite fè konnen radyo televizyon Caraïbes se yon Patrimwàn nasyonal tout moun dwe pwoteje menm laprès se zanmi yo, pou fini apre nòt sa yo fè konnen se sèl avoka SPNH la ki ap kapab pran lapawol nan non yo.

Otè: Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …