AYITI/LGBI: OCNH LANSE OFISYÈLMAN PWOGRAM DE SANSIBILAZYON POU EDE MOUN KI VIKTIM DISKRIMINASYON NAN KOMINOTE LGBI YO

Nan kad yon konferans pou laprès OCNH bay jounen 2 mas 2020 an anonse, aprè yon seri ankèt yo mennen nan tribinal yo, yo konstate gen anpil moun ki pa rive pase devan tribinal akoz oryantasyon sektyèl yo

Nan sans sa ONCH monte yon pwogram de sansibilazyon ki vize aksè ak lajistis yon mannyè pou moun kominote LGBI yo kap jwenn sèvis lè yo devan jij yo, nan plent yo viktim chak jou bondye de tout sòt de diskrinasyon nan tribinal yo

Daprè Mèt Camille Occius li fè konnen pwogram sa ap pèmèt yo sansibilize jij yo grefye yo,isye yo nesesite ki genyen pou yo kapab rive tande nan tribinal la tout moun ki gen tò oubyen ki gen rezon a kelkeswa oryantasyon seksyèl li ak relijyon li

Pilwen mèt Camille fè konnen pwogram sa ap dire de mwa kote lap baze sou twa jiridiksyon pòtoprens kwadèboukè epi senmak
kanpay sansibilazyon sa ap pèmèt tout moun ki gen pwoblem yo rive rezoud yo

yon lòt bò prezidan rezo majistra yo mèt Edumé Ikenson deklare lajistis la pa gen ni koulè ni ras kelkeswa jij la isye a epi grefye a li dwe tande tout moun kelkeswa li rich ou pòv

Poun fini nap soulinye pwogram sila se PNUD ki finansel sou yon sen mil dola ameriken kap dire de (2) mwa sou twa (3) jiridiksyon andedan peyi a

 

Rikenson Fullgeance.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …