AYITI/SENDIKA: SENDIKA ANPLWAYE SISTÈN NASYONAL AK FÒMASYON PWOFESYONÈL YO DENONSE MAGUY DURCÉ NAN TÈT ENFP

Nan kad yon konferans pou laprès prezidan sendika lekòl fòmasyon pwofesyonèl yo bay jounen mèkredi 04 mas 2020 nan lokal fanm viktim yo ki sou wout la li fè konnen se avèk anpil sezisman yo aprann Maguy Durcé pral pran pwomosyon nan dyòb li kòm sekretè deta alòske se tenten lap fè nan tèt ENFP ki se lekòl nasyonal fòmasyon pwofesyonèl.

Nan sans sa prezidan sendika anplwaye sistèm nasyonal fòmasyon pwofesyonèl yo ki se Jean Marie Leveillé, sèmante swasann dizèt fwa kou sa pap pase nan ENFP paske se pa ansyen Maguy Durcé pap regle nan tèt enstisyon an.

Pilwen Mesye Leveillé fè konnen Maguy Durcé ap enstale biwol lakay li se pa nan espas la paske depi lè li monte nan pòs la se atò lekòl pwofesyonèl yo vinn pi mal kote pi fò nan lekol sa yo rive pa ka fonksyone akoz materyèl ki pa disponib epi ki vinn pèmèt lekol la vinn pi chè

Poun fini nap soulinye nimewo 1 sendika a voye yon mesaj klè bay Prezidan Jovenel Moïse poul resezil sou chwa Maguy Durcé a paske li pa gen okenn kapasite poul jere enstisyon an

Rikenson Fulgeance/echojounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …