AYITI:DÈY: YON MOVE NOUVÈL POU LAPRÈS AK TOUT FANATIK MANMI PRELA YO.

Se avèk anpil tristès nou resevwa nouvèl lanmò Eric Laguerre ke piblik la plis konnen sou non « Tonm malè » ak Manmi prela ».

Se nan lannwit 7 pou rive 8 mas 2020 an gwobout komedyen sa rann dènye souf li sou kabann lopital aprè li te fin gen yon malèz, li se komedyen ki tap fonksyone nan radyo televizyon karayib,li fè anpil reklam,li vrèman chame piblik la ak chanjman vwa li nan fason li te konn pale ak ri tankou yon granmoun fi.

Nan sikonstans lan Echojounal ap salye memwa gwo potorik gason sila, epi nap voye senpati nou bay fanmi ak zanmi « Manmi prela,Tonm malè »,ak tout konfrè ak konsè nou yo nan RTVC.

 

Florestal wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …