Krifa lanse yon kanpay sansibilazyon nan tout peyi a kont voylans kap fèt sou fanm nan okazyon jounen entènasyonal dwa fanm yo.

krifa (kri fanm ayiti) ki se òganizasyon kap defann fanm nan peyi a òganize jounen dimanch 15 mas 2020 yon konferans deba,nan lokal pati a, yon fason pou eksplike ki sak pèmèt yon fanm ka viktim nan sosyete a

Tèm ki te kenbe pou konferans lan « fanm ayisyèn ak kriz sosyo politik aksyèl la »
moun ki tap prezante konferans sila se madam Soeurette Polycape

Nan entèvansyon li te fè pandan konferans lan li te abòde kriz sosyo politik la sou diferans fason kote vyolans lan li kapab ekonomik,fizik, vèbal epi ak moral

Madanm Souerette fè konnen si leta bezwen rezoud pwoblem sa yo fok li kòmanse kreye yon sosyete egalitè sa vle di pou chak moun jwi menm dwa yon fason pou pèmèt plis ka eksprime bezwen yo

Pilwen konferansyè a te defini vyolans sou divès pwen tankou vyolans fizik, ekonomik, vèbal epi ak moral

Sou bò pa kodonatris krifa a ki se madam Guerlyne Residor ki te bay yon entèvyou ak laprès te tou pwofite moman an pou eksplike kijan kanpay sansibilazyon an ap fèt nan peyi a

kanpay sansibilazyon sa ap fèt nan kat pwen peyi a yon fason pou pèmèt plis moun ki viktim vyolans yo ka rive tande ka yo epi akonpanye yo nan tout ka nesesè

Poun fini nap soulinye kòdonatris lan anonse nan jou kap vini la yo ap gen yon kolektif òganizasyon fanm ki pral ekri premye minis lan pou fèl konnen trant pousan yo mande pou respekte nan konstisyon pa rive respekte se poutèt yap soulve sa ak nou premye minis lan.

 

Rikenson a Fulgeance

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …