AYITI: KÈK SITWAYEN NAN POPILASYON AN PRAN ANGAJMAN YO POU KONBAT PANDEMI COVID-19 LA

Nan plizyè estasyon moto nan zòn metwopolitèn pòtoprens lan chofè moto yo mete dlo pou pasajè yo lave men yo semèn sa pou anpeche moun trape corona viris la.

Sitwayen sa yo kolekte ansanm pou achte dwoum, savon, dlo ak kloròks pou mete nan prèske chak kafou pou fè moun kap pase lave men yo nan zòn belekou pòtay leyogan ak kèk lòt zòn ankò.

Jèn sa yo mande pou moun ki konsène yo ba yo asistans pou yo ka fè plis toujou asistans lan se pou desann pwodwi yo.

Pou rapèl gen plis pase 25.000 kretyen vivan ki mouri nan pandemi sila sou tout planèt tè an depi yo dekouvri maladi an nan fen ane 2019 la.
Ayiti menm gen 8 ka pozitif ak plis pase 70 ki mete sou kontwol medsen.

Jocelyn Couyoute

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …