AYITI/EKONOMI: AKTIVITE YO REPRANN NAN FAKTORI YO NAN YON KONDISYON TÈT CHAJE.

Byen bonè maten lendi 20 avril 2020 an anplwaye faktori yo reprann travay jan sa te anonse a.

Malgre sendika anplwaye te rele anmwey pou kondisyon yo ki poko respekte pou yo retounen travay sa pat anpeche anplwaye yo te prezan byen bonè pou sove jounen an. Anplwaye yo ki pat gen mas gan gaye pil sou pil devan baryè a kou nan lakou kote gen kèk bokit dlo pou lave men yo, distans lan pa respekte.

Anplwaye yo ki tap reyaji nan mikwo nou fè konnen depi yo di yap travay yo oblije vini paske travay pa fasil nan peyi a, yon lòt gwoup ki pat vle non yo site kritike otorite ki pran desizyon ouvri faktori yo nan moman gen plis moun ki kontamine e gen moun ki mouri nan pandemi an, moun sa yo mande otorite yo pou evite plis moun viktim anba covid 19 la konsa tou yon lòt gwoup di kesyon kowonaviris nan peyi a se yon politik pou otorite yo fè lajan.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …