AYITI/ESPÒ: PREZIDAN FEDERASYON AYISYÈN FOUTBÒL LA PRAL POTE PLENT POU YON JOUNALIS AK TOUT YON MEDYA.

Nan yon konferans pou laprès prezidan federasyon ayisyèn foutbòl la Dadou Jean Bart anonse li pral pote plent kont x nan tribinal  Kwadèbouké a epi nan peyi lòtbò dlo kont Molina ak jounal Britanik The « Gadian ».

Prezidan Federasyon ayisyèn foutbòl la pran desizyon sa apre jounal « The Gadian » akize li nan fè abi sou ti medam yo nan kouche avèk yo e fè gwo presyon sou yo nan yon atik, yon atik ki ta pral leve tout mò nan lakou lakay kote prèske tout media prèske tout sektè nan vi nasyonal la reyaji, kesyon anpil moun ap poze pou kisa se yon media peyi etranje ki mete tout moun nan limyè oubyen nan blakawout? Ki enterè media sa nan yon dosye konsa? Antouka !!!

Yves Dadou Jean Bart fè konnen li gen anpil prèv nan men li pou moutre ke se yon konplo kap fèt pou elimine li nan tèt federasyon an e gen anpil lajan ki deyò pou sa menm, li fè konnen konplo sa pap fè li kite tèt federasyon an lap lite jiskobou. Yon dosye nap swiv!

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …