AYITI/POLITIK: PATI POLITIK BOUCLIER MANDE PREMYE MINIS JOUTHE POU LAGE PYE LI APRE YON VOICE KAP SIKILE SOU REZO SOSYO YO.

Nan yon lèt tou louvri platfòm BOUCLIER ki se yon alye pouvwa a adrese ak prezidan repiblik la Jovenel Moise jounen 12 me 2020 an yo mande li pou li debarase li prese prese de premye minis Joseph Jouthe.

BOUCLIER pran desizyon sa, selon sa yo fè konnen apre yon voice kap sikile sou rezo sosyo yo kote Jouthe te nan yon diskisyon ak kèk bon zanmi li kote li tap pale sou bidjè a, Jouthe pat met dlo nan bouch li pou li te di yo sal konprann de peyi a kel di ki pa egziste ak anpil lòt pawòl ki pa mache ak pati BOUCLIER.

Pawòl sa yo leve plim do alye pouvwa yo, yo pa met dlo nan bouch pou mande premye minis lan lage pyel e pou prezidan an pran distans li avèk li paske li pa respekte yo ak pèp aysyen an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …