ETAZINI/LACHIN/PANDEMI : PEYI ETAZINI LONJE DWÈT SOU PEYI LACHIN KI TAP TANTE PIRATE YON VAKSEN KE YAP TRAVAY SOU LI POU KWAPE KOWONAVIRIS LA.

Peyi Etazini akize jounen mèkredi 13 me 2020 an peyi Lachin ki ap eseye pirate yon rechèch ke yap fè sou yon vaksen pou kwape pandemi kowonaviris la ki ap boulvèse mond lan.

FBI bay tout garanti ke yo gen kontwòl tout bagay e yo gentan pran tout dispozisyon pou pwoteje tout eleman rechèch ke peyi Etazini gentan fè pou rive jwenn yon vaksen pou frennen pandemi sila ki gentan touye plis pase 295 000 moun nan mond lan, 80 000 moun nan peyi Etazini. Selon otorite ameriken yo peyi Lachin ap tante vòlò done rechèch yo ep tante pran etidyan kap travay sou rechèch yo.

Nap raple peyi Etazini pa twò danse kole ak peyi Lachin dènye tan sa yo sitou apre pandemi an fin pile sòl ameriken an, prezidan ameriken Donald Trump pa janm sispann lonje dwèt sou peyi Lachin kòm peyi ki fabrike pandemi an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …