AYITI/PANDEMI: KOWONAVIRIS LA POUSE ANPIL BANK FÈMEN PÒT YO NAN LAKOU PEYI DAYITI, SA KI METE GWO MACHE PRESE.

Apre direksyon UNIBANK fin pran desizyon fèmen anpil nan sikisal li yo nan lakou peyi Dayiti akoz yo sispèk anpil nan aplwaye yo ta gen kowonaviris selon sa yo fè konnen, bank nasyonal kredi (BNC) bò kote pa li pran desizyon fèmen pòt twa (3) nan sikisal yo pou menm rezon an.

Apre desizyon sa ke bank sa yo pran pou pwoteje anplwaye yo epi evite pou plis moun pran nan pademi an, anpil moun nan popilasyon an gen gwo kè sote, kantite moun yo vin ogmante plis devan bank yo prensip yo pa twò respekte sa ki ta pral koze anpil bouch louvri nan sikisal yon bank sou Dèlma jounen mèkredi 27 me 2020 an, si anpil nan yo konprann desizyon men pou yon kantite lòt se diferan.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …