AYITI/LAME : FÒS LAME PEYI DAYITI A PÈDI DE (2) SÒLDA NAN MWENS KE TWA (3) JOU.

Apre lanmò majò jeneral lame peyi Dayiti a Jean Claude Duperval jou ki te 21 me 2020 an lakay li ak 73 lane sou tèt li. Majò Louicin Dieudonné mouri nan apre midi dimanch 24 me 2020 an.

Majò Louicin Dieudonné te responsab baz lame a genyen nan zòn Anacaona ki chita kò li nan komin Leyogan. Majò a tap soufri lontan de «hypothyroïdie» ki te fèl ap gwo san rete e majò te vin gen gwo pwoblèm pou li respire selon sa yon pwòch li fè konnen.

Gwo eta majò yo pa an mezi pou fè yon gwo seremoni pou di mèsi ak de (2) sòlda sa yo ki te mete sèvis yo disponib pou peyi a akoz pandemi kowonaviris la kap gaye zèl li serye sou peyi a dènye jou sa yo, selon yon responsab nan wo eta majò a pa mezi de prekosyon yo pap òganize yon gwo aktivite.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …