AYITI/JISTIS: MINIS JISTIS LA BAY TI MESYE 509 YO KWA MANMAN YO AK KWA PAPA YO POU YO VIN PILE

Nan yon konferans pou laprès minis Jistis la mèt Lucmane Delille fè konnen ti mesye polisye ki bay tèt yo non fantom 509 yo se yon bann teworis e li denonse yon plan ke yap prepare pou atake kòtèj prezidan repiblik la Jovenel Moïse.

Ansyen GNB (Grenn nan bouda) a mèt Lucmane Delille  frape lestomak li byen fò pou di ti mesye 509 yo ke li la e li ba yo kwa manman yo ak kwa papa yo pou vin atake ministè a ak plizyè lòt bwa leta ankò jan yo te fè sa deja. Minis lan di li pap tolere jan de zak sa yo nan peyi a ankò.

Minis lan fè konnen nan tout peyi dimond lè yo atake kòtèj yon prezidan yo rele sa zak teworis e tout moun konnen ki sa ki ka rive yo, selon ansyen GNB an yap prepare atak sa pou di prezidan an fè masak.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …