Daprè yon atik ki pibliye nan RFI pou 11 Dawout 2020 an plis pase mil sisan (1600) migran Ayisyen ap konnen yon moman trè difisil nan peyi Panama nan yon forè ki tou prè fwontyè peyi Colombie akoz otorite peyi Panama te fèmen fwontyè yo pou jere pandemi kowonaviris pi byen lakay yo.
Kèk Ayisyen ki pa dakò revele idantite yo nan kan konfinman sa fè konnen kote yo ye a pa gen lopital, pa gen kote pou yo fè bezwen fizyolojik anplis Gadyen yo met siveyans sou yo 24/24, yo fè konnen dwa yo pa respekte se tankou yo te nan lanfè tout ti lajan yo te genyen fini okenn nan yo pa konn kilè y ap kite kote lanfè sa.
Bò kote pa kou interaméricaine mande prese prese yon èd entènasyonal pou migran sa yo k ap soufri yo pwofite mande otorite nan peyi Panama respekte dwa migran yo paske yo se moun tankou tout e yo gen dwa tankou tout moun.
Otè: Jemsley JOSEPH
KREDI FOTO:LE NATIONAL