AYITI/ENSEKITE:BANDI AK ZAM OUVÈ KATOUCH NAN LOKALITE FLERANSO BÒ YON ESTASYON GAZ NAN DEPATMAN LATIBONIT.

Bandi ak zam nan vil Sen Mak   ouvè  katouch sou yon gwoup moun  kite bò estasyon gaz nan Lachandèl nan lannwit vandredi 28 dawout 2020 an kote gen twa moun ki blese  pami yo gen yon ti moun ki gen 11 lane nan zòn Fleranso depatman Latibonit.

Aprè atak la ajan polis nasyonal Ayisyen (PNH) yo te vini  sou teren an men yo pa’ t arete okenn moun.

Moun sa yo ki viktim  nan yo te transpòte yo  nan yon lopital Sen –Nikola an ijans nan vil Sen Mak pou yo te ka pran swen.

Nan jounen vandredi a te gen plizyè  moun kite pran lari nan komin LyanKou  nan depatman  Latibonit pou denonse ensekirite kap ravaje komin nan.

Angeline  Michel

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …