AYITI/PNH : NIMEWO EN ( # 1) POLIS NASYONAL AYITI A ÒGANIZE YON RANKONT AN IJANS POU KONTREKARE FENOMÈN ENSEKIRITE A

Normil RAMEAU chèf nimewo en ( #1) nan enstitisyon lapolis nasyonal peyi Ayiti òganize yon rankont prese prese jounen Dimanch 30 Dawout 2020 an avèk plizyè lòt gwo chèf nan enstitisyon sila pou pote yon repons avèk fenomèn ensekirite a pou finisman mwa Dawout la kap ouvè zèl li sou tèritwa nasyonal la espesyalman nan zòn metwopolitèn nan.

Kòmandan an chèf PNH la anonse yap itilize yon estrateji trè efikas pou konbat fenomèn ensekirite a espesyalman nan fason yo fèl nan operasyon “terminator 1” an.

Men lis moun kite nan konvokasyon sila :
1) enspektè jeneral Mario AUBERGISTE
2) direktè santral administrativ Jean Gardy MUSCADIN
3) komisè divizyonè Alex Pierre LOUIS
4) direktè depatmantal lwès la.
5) plizyè komisè responsab jiridiksyon yo.
6) responsab kò spesylize UDMO yo
7) brigad polis kominotè yo ak anpil lòt responsab ankò.

Otè : Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …