AYITI/BOLIVI: LAPOLIS NAN BOLIVI ARETE YON BIS KI TE GEN PLIZYÈ AYISYEN KE YO TA PRAL VANN.

Lapolis nan peyi Bolivi arete yon bis ki te gen ven (20) pasaje ayisyen jounen samdi 30 Dawout 2020 an, direksyon jeneral migrasyon (DGM) fè konnen, arestasyon sa fèt nan vil Pailòn nan pwovens oryantal Santa Cruz.

Bis sa te sòti nan Puerto Quijarro nan fwontyè peyi Brezil, nan bis sa te genyen senk (5) gason douz (12) fi twa (3) timoun, chofè a ak tout asistanl jwenn arestasyon yo koz se vann yo ta pral vann Ayisyen sa yo nan peyi Chili.

Chofè a ak tout asistanl nan men fòs spesyal ki ap lite kont kriminalite (FELCC) pou reponn a kesyon sou vwayaj sa yo twouve ki pa kòrèk, responsab migrasyon yo bay ayisyen sa yo venteyen (21) jou pou kite teritwa Bolivi a, pou kounya yo nan yon sant refij nan Santa Cruz.

Responsab yo fè konnen nan mwa Dawout la se sizyèm (6è) fwa sa pwodwi kote moun mal entansyone konn fè trafik moun nan peyi vwazen yo.

 

Otè: Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …