FOUTBÒL/KOVID-19: YON JWЀ AJANTEN ANBA SANKSYON APRE LI FIN ANBWASE YON BALON.

Jwè ajanten Sergio Lopez tonbe anba sanksyon nan peyi Ekwatè apre li te fin anbwase yon balon vandredi 28 out 2020 an pandan ekip li Aucas te fin bat Macara yon gòl a zero (1-0). Sergio Lopez se premye jwè ki rive tonbe anba sanksyon Lig foutbòl ekwatoryèn nan.

Ajanten an pral gen pou peye 1,200 dola kòm amand nan kad lwa lig foutbòl peyi Ekwatè pran pou kwape pandemi kowonaviris la nan peyi ki deja konte 6,600 mò pou 114,000 moun ki enfekte, senk lòt jwè ap gen pou peye yo chak 1,200 dola akoz yo te boukante mayo apre match.

Desizyon sa yo pa konsène jwè yo sèlman men klèb foutbòl yo tou kote ekip Liga de Portoviejo ak Barcelona SC sou sanksyon akoz yo pat respekte mezi sanitè yo yo pat mete alkòl, jèl poun site sa yo pou jwè yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …