LEMOND/KOWONAVIRIS: GEN POU PITI 921.097 MOUN KI MOURI NAN PANDEMI KOWONAVIRIS LAN

Pandemi kowonaviris lan gen pou piti 921.097 moun ki mouri nan mond lan depi lè biwo OMS nan peyi Chine de pale de maladi a nan fen desanm 2019 lan daprè AFP.

Depi pandemi an te kòmanse te gen plis pase 28.819.490 moun ki te malad men gen pou piti 19.133.300 ki konside kòm moun ki geri.

Peyi ki gen plis moun ki mouri yo se Etazini ki  anrejistre 193.705 moun ki mouri selon sa inivèsite Johns Hopkins konte , Brezil 131.210,End 78.586 ,Mesik 70.604  ,Wayòm ini 41.623

Gen 4.806 nouvo moun ki mouri ak 284.827 nouvo moun ki te malad nan mond lan  samdi 12 septanm 2020 an.

Angeline Michel

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …