KOMISE GOUVENMAN POTOPRENS LA KANPE AN KWA KONT LIBERASYON TET KALE A.

Komisè gouvènman Pòtoprens lan mèt Ocnam Dameus entèdi pou Saint Jean Remilien ki gen pou non vanyan tèt kale jwenn liberasyonl jan sa ap kouri nan vil la apre jij  Bredy Fabien bay lòd pou liberel.

Komisè a ki chita sou atik 32 dekrè 22 out 1995 la mande komisè jean Gardy Miscadin ki se direktè administrasyon penitansye a pou li pa egzekite lòd ki soti 3 me 2018 la ki mandel pou li libere Saint Jean Remilien alyas tèt kale.

Nap raple Saint Jean Remilien ke tout moun konnen sou non tèt kale akize kòm chèf bandi ki tap opere nan zòn Gran ravin e ki ta patisipe nan divès zak kriminèl nan zòn sa ak zòn ki antourel yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/VYÒL: YON MACHANN SOSIS FÈ KADEJAK SOU YON ELÈV 10 LANE NAN TWALÈT LEKÒL LI.

Yon machann sosis, fè kadejak sou yon tifi ki gen sèlman 10 lane nan twalèt …