Pentagòn entèdi pou sòlda ameriken yo pa itize telefòn ki soti nan konpayi chinwa ZTE ak HUAWEI.
Depi kèk mwa otorite nan peyi Etazini yo gen gwo dout sou pwodui ki soti nan peyi Lachin yo sitou tefòn HUAWEI ak ZTE, yon komisyon nan sena ameriken an ak sèvis ransèyman te mande pou moun kap itilize telefòn chinwa yo pou yo pridan.
Nan lane 2012 yon nòt te soti pou mande tout enstans nan gouvènman ameriken pou yo pa itilze okenn pwodui HUAWEI ak ZTE ke yo te konsidere kòm yon risk.
Jounen jodi a okenn sòlda ameriken pa gen dwa itize epi achte telefòn HUAWEI ak ZTE, Pentagòn pran mezi sa pou gouvènman peyi Lachin pa gen kontwòl sòlda li atravè telefòn sa yo.
Selon enfo yo prezidan ameriken an Donald Trump ta nan wout pou entèdi sou tout tèritwal la nan yon dekrè pou okenn antrepriz prive pa achte tefòn sa yo pou revann Ozetazini.
Yon responsab nan peyi Lachin fè konnen se pè gouvènman ameriken an pè pou jan Lachin ap avanse nan nouvo sistèn teknoloji a yap chache denigre yo.
kredi foto: Atlantico