AYITI/ELEKSYON: PREZIDAN  REPIBLIK LA SOTI ARETE KI NOME MANM KEP YO.

Jan premye minis Joseph Jouthe te anonse sa, nan yon arete ki soti nan dat vandredi 18 septanm 2020 an prezidan repiblik la Jovenel Moïse soti non manm ki konpoze nouvo KEP ki ta dwe fè eleksyon yo.

Nan arete sa nou jwenn Louis Arlext Noël ki reprezante sektè andikape a, Nadia Jule Amedée sektè peyizan/kouperativ, Guylande Mesadieu dwazimen, Antonio Detil la jenès, Patrick Numa sektè sendika, Esperancia Cesar sektè dyaspora, Josette Massillon sektè òganizasyon fanm, Guy Romeus sektè kilt refòme, Marie Rosemène Joseph Pierre kilt vodou se moun sa yo ki fòme KEP.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …