Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl nan lakou peyi Dayiti ki gen sig nan lang franse MENFP kondane lanmò Gregory Saint-Hlilaire epi mande pou limyè fèt sou zak asasinay sa.
Etidyan Grégory Saint-Hilaire ki se yon etidyan finisan nan ENS mouri anba bal vandredi 2 oktòb 2020 an, etidyan yo lonje dwèt sou kò espesyalize ISGPN nan lanmò sila. Enspeksyon jeneral lapolis la ouvri yon ankèt pou kapab konnen kijan etidyan an mouri.