LEMOND/JISTIS:PÒT PAWÒL SANT DEFANSÈ DWA MOUN NAN PEYI IRAN JWENN LIBERASYON LI.

Narges MOhammadi  48 lane jounalis epi pòt pawòl sant defansè dwa moun nan peyi Iran sòti nan prizon finalman aprè 5 lane. Narges te tap lite pou moun pa kondane pou jis li mouri ankò.

Jounalis la te arete epi yo te mete li nan prizon nan me 2015 pou 10 lane  men li rive fè mwatye .

Selon Amnesty international yo te kònn maltrete li pandan li nan prizon an .li te kònn resevwa menas lanmò ,epi yo te kònn anpeche li resevwa moun ki vini wè li menm pitit li lè yo te tranfere li nan lane 2019 nan prizon ELvin Tehéran.

Angeline Michel

Kredi foto:pinterest.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …