AYITI/PWOTESTASYON: YON TRIBINAL PASE ANBA DIFE PANDAN KOLÈ ETIDYAN YO.

Jounen vandredi 9 oktòb 2020 an moun yo pa rive idantifye mete dife nan tribinal seksyon sid la ki chita kò li nan ri de la Reunion nan kapital peyi Dayiti.

Selon plizyè moun ki te sou plas se etidyan yo ki ap mande jistis pou kamarad a yo ki mete dife a apre yo te fin twoke kòn yo ak lapolis epi yon etidyan ta resevwa yon bonbòn gaz ki ta blese li lè etidyan an rive lopital lopital jeneral li pat ka jwenn swen, sa ta pral pouse kolè yon gwoup moun ki te avèk yo, yo sakaje tout sa yo jwenn sou wout yo anpil vit machin kraze epi menm gwoup sa te ale mete dife nan tribinal la, yon anplwaye tribinal soti boule nan atak la, moun ki te sou plas te kouri lopital avèk li.

Yon jounen ki fini ak anpil dega nan lari a epi de lòt viktim nan etidyan yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …