AYITI/EKONOMI: MINIS KOMÈS LA AK ENDISTRI A BAY TOUT PONP KI PA VLE MACHE SOU LÒD YO YON DELÈ.

Minis komès la ak endistri a Jonas Coffy mande tout ponp ki pa ouvri pòt yo jounen lendi 12 oktòb 2020 an pou yo degaje yo louvri rapid vit, si yo pa louvri lap pran gwo sanksyon kont yo kote lap elimine lisans ki pèmèt yo fonksyone ak anpil lòt desizyon ankò.

Minis la pran desizyon sa apre plizyè mèt ponp ki mete tèt yo ansanm nan yon asosyasyon (ANAPROSS) chwazi fèmen pòt yo pou konteste kont kèk chanjman ki genyen ak konpayi petwolye yo, minis la di popilasyon an pa ka ap viktim de konfli ANAPROSS ak APPE ki se asosyasyon pwofesyonèl petwòl yo, pou sa li mande pou tout ponp ouvri vit vit e si yo pa obeyi lap aji.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …