ITALI/JISTIS: PAP FRANÇOIS RESEVWA KADINAL PELL KI BLANCHI NAN YON DOSYE PEDOFILI NAN PEYI OSTRALI.

Lendi 12 oktòb 2020 an, Pap François  resevwa Kadinal ostralyen an George Pell nan yon odyans prive ki te libere nan mwa avril pase a nan yon dosye pedofili nan peyi Ostrali epi li retounen nan vil Wòm jou ki te mèkredi 30 septanb 2020 pase a aprè ke li te fin pase twa (3) lane absan.

Kadinal la te kondane nan mwa mas 2019 pou sis (6) lane nan prizon pou vyòl ak atak seksyèl sou de (2) ti gason anfann kè nan lane 1996 ak 1997 nan legliz Sen Patrik nan vil Melbourne ki chita kò li nan Sidès peyi Ostrali, lè sa a li te Achevèk.

 

kredi foto: The gardian

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …