Gouvènman ameriken an pral envesti prèske mwatye yon milya dola vèt nan devlopman ak distribisyon gwo echèl yon trètman pou COVID – 19 la nan Laboratwa Britanik AstraZeneca.
« Avèk yon envestisman $ 486 milyon Gouvènman ameriken an pral kontribye nan devlopman ak distribisyon 100 mil dòz vaksen kont kowonaviris la nan fen ane 2020 an, epi li kapab jwenn yon milyon plis dòz vaksen kont kowonaviris la an 2021. » daprè deklarasyon jeyan Laboratwa famasetik Britanik sa a ki gen nan tèt li Leif Johansson.