AYITI/ENSEKIRITE: DRAPO ENSEKIRITE A MOUTE WO PANDAN DE DÈNYE JOU SA YO NAN LAKOU PÒTOPRENS, POU PI PITI 5 MOUN TONBE ANBA BAL.

Pandan popilasyon an pran yon ti souf nan dola vèt la ki tap vale teren ak kèk pwodui sou mache a ki desann, ensekirite a li menm lap vale teren nan mwens ke 24 trè pou piti senk (5) moun tonbe anba bal.

Nan lannwit lendi 12 oktòb 2020 an chèf sekirite ansyen senatè Yourry Latortue Diogène Elias Eric ke tout moun konnen sou non Ricod tonbe anba bal nan zòn Dèlma 64 ak gadyen pati a li menm ki resevwa plizyè bal lal mouri sou kabann lopital selon enfo nou rive jwenn.

Nan mitan jounen madi 13 oktòb 2020 an, de (2) moun tonbe anba bal nan zòn Drouillard komin site solèy youn nan moun sa yo idantifye kòm yon polisye ki te an sivil ki ta pral tire yon bandi ki tap fouye moun epi patizan bandi yo ki pat twò lwen ta pral etèn sou polisye a selon detay nou rive jwenn de kèk moun zòn nan.

Nan apre midi 13 oktòb 2020 an, Philippe Saint-Juste idantifye kòm yon pastè epi avoka tonbe anba bal devan tribinal de pè Petion vil la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …