AYITI/POLITIK: YON FANM DEPATCHA ANSYEN SENATÈ MOÏSE JEAN CHARLES AK KOUT GRIF EPI METE GWO DOUT SOU LIDÈ OPOZISYON YO.

Ansyen senatris epi prezidant pati FUSION an Edmonde Supplice Beauzile sòti tout grif li kont ansyen senatè Moïse Jean Charles kote li fè yon pil gwo revelasyon sou lidè PITIT DESSALINES nan.

Edmonde Suplice Beauzil soti grif li nan emisyon Panel magik sou radio magik 9, madanm nan fè konnen Moïse Jean Charles se yon vòlè epi yon asasen li deklare lidè PITIT DESSALINES nan te touye yon jèn gason nan Milo epi li te vòlè 120 milyon goud nan palman an sou ansyen prezidan Preval se sa li bliye li pa di li.

l

Madanm nan ale pi lwen pou li fè konnen ke se gouvènman an ki tap sipòte Moïse Jean Charles nan pil travay li tap fè pandan kowonaviris la kote ansyen senatè a tap mache dezenfekte kay moun komisarya epi fè distribisyon kit pou lite kont kowonaviris la, li menm bay adrès kote lidè pitit Dessalines nan te vin pran materyèl yo. Kesyon anpil moun ap poze poukisa se kounye a li fè revelasyon sa yo antouka.

Pou madanm nan ansyen majistra Milo a se yon fo lidè se yon blofè ki konprann se li sèl ki etelijan lap blofe popilasyon an pandan se li menm ankò kap kraze mouvman opozisyon an nan zak lap komèt yo, madanm nan ki tap lage san filtè fè konnen si se pat  ansyen prezidan Preval,Moïse pa tap janm senatè epi si se pat yon seri de moun jodi a Moïse pa tap ka ap pale nan figi moun.

Pil revelasyon sa yo depatcha opozisyon an ke anpil moun nan sosyete a pa twò bay enpòtans akoz gwo konfli ki gen nan mitan lidè yo ke anpil moun te deja gen dout sou yo epi ki pa janm pote yon pwogram serye ke voye ale tout tan ki vin tounen yon gwo biznis nan lakou peyi Dayiti.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …