LEMOND/KRIM :YON MANMAN 26 LANE  AKIZE NAN LANMÒ PITIT GASON LI

Yon manman 26 lane akize nan lanmò pitit gason li ki gen 4 lane lendi 19 oktòb 2020 an nan komin  Brest  peyi LaFrans .Nan jedi 23 oktòb lan li te ale nan tribinal kòm asasenn pitit lan daprè pakè a.

Vis prokirè Brest lan  Bastien Diacono fè konnen nan ankèt ki fèt yo montre manman te gen entansyon pou touye pitit li an men ankèt lan pa kanpe la  yap kontinye chache pou yo jwenn sa ki lakòz krim nan ekzakteman.

Se Manman viktim nan lendi  ki te rele ponpye kote lè yo te rive pitit lan tap soufri ak kè li epi li pat respire nòmal .pitit lan te bay dènye souf li lopital daprè vis prokirè a.
Angeline Michel

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …