AYITI/LANG: JOUNEN LANG AK KILTI KREYÒL SELEBRE NAN PEYI DAYITI SÈLMAN NAN POSTE PWOVÈB

28 oktòb se jounen entènasyonal kilti ak lang kreyòl, dezisyon sa te pran nan lane 1983, nan lakou peyi Dayiti nou selebre jou sa sèlman nan poste pwovèb kreyòl sou rezo sosyo yo san okenn lòt aktivite ki kapab bay valè ak lang sa epi kilti peyi a. « Kay koule twonpe solèy, men li pa twonpe lapli »

Poutan nou ta dwe selebre jou sa ak anpil fyète anpil gete paske se lang sa ki pi gwo zam nou pou nou youn konprann lòt pi rapid, se zam ki te retire nou nan chèn esklavaj anba kolon fransè, anba okipasyon blan meriken pou site sa yo, se li nou itilize poun viv poun lite ak lavi « Sonje lapli ki leve mayi ou » se li tou pitit nou papa nou zansèt nou pale. Se vre konstitisyon an di nou gen de (2) lang ofisyèl ki se franse ak kreyòl men kote franse a soti konbyen ayisyen ki pale li epi konprann li  » Konn li pa di lespri pou sa »

Chak 28 oktòb sou tout rezo sosyo nan tout ti kwen se pwovèb kreyòl apre jou a fin pase okenn dispozisyon pa pran pou amelyore li pou bal jarèt, nèg gwo palto fè tout kalte pwomès poutan timoun nou yo toujou ap panse an kreyòl pou ekri an franse, gen biwo si ou pa kon n 2,3 mo franse ou pap jwenn sèvis, jounal peyi a nan lang franse, siw ta gen malè menm mete yon chanpo pay yon chemiz karabela yon sandal tana mmh yo diw se malfektè yo bòw tout non mal ki genyen men kou bwa yo pran nan moulen yo konn kilti yo. Dim ki ayisyen ki gen pwoblèm swa li pèdi yon gwo kòb oubyen pitit li malad kap gentan pou li pale franse kèlkanswa nivo etid li?

 

Poukisa nou imilye moun ki pale kreyòl, poukisa medya kap bay nouvèl an kreyòl nan peyi Dayiti yo pa ka jwenn ankourajman poutan blofè pa bò isi kite yo pran avyon pou ale onore yo nan peyi lòt bò dlo, poukisa tout ipokrizi sa?

Yon pèp ki blye pase li kondane pou li fè menm erè yo. Nou pa ka selebre gwo jou sa sèlman nan poste pwovèb kreyòl.

 

 

Kredi foto: Haititweets

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …