AYITI/KIDNAPIN: POPILASYON AN LEVE JWENN YON JÈN FI KE BANDI TE KIDNAPE MOURI NAN ZÒN DELMA 24

Popilasyon Dèlma 24 la epi Nazon leve jwenn dimanch 1e novanm 2020 an yon jèn fi ki mouri nan yon pil fatra sou mòn Dèlma 24 la ki pa twò lwen ak zòn Nazon.

Selon enfòmasyon nou rive jwenn bandi te kidnape jèn fi sa ki rele Evelyne Sincére 29 oktòb 2020 pase a epi yo ta mande paran li pou ta bay 100 mil dola pou libere li, paran yo ta antann pou bay 15 mil dola men bandi yo touye li epi al jete kò li.

Jèn fi sa ki se yon liseyèn gen sèlman 21 lane li apèn sot konpoze nan egzamen filo selon moun ki te sou plas ki tap kriye lanmò jèn sa ke peyi a pèdi.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …