AYITI/DRAM: OBED JOSEPH KI GEN TI NON KIKY KI AKIZE NAN LANMÒ SINCERE EVELYNE PARÈT TÈT LI.

Obed Joseph ke lapolis ap chache tankou chen fou kòm gwo sispèk nan lanmò Evelyne Sincère ke bandi te kidnape jou ki te jedi 29 oktòb 2020 an epi fanmi li ta pral jwenn li mouri sou yon pil fatra dimanch 1e novanm 2020 an rann tèt li nan yon emisyon nan radio Mega maten madi 3 novanm 2020 an.

Obed Kiky Joseph fè konnen li pa konnen ni de lwen ni de prè Evelyne Sincère, li di li pa janm rankontre moun konsa nan vi li, li fè konnen li prè pou li rann tèt li nan DCPJ apre desizyon fanmi li kap gen pou reyini men li pa di kilè sa ap fèt. Obed di li deranje paske se fanm ki mouri epi se foto kap pibliye kòm asasen.

Obed fè konnen yo te pirate kont facebook li epi yo ta menm ap mande lajan sou non li pou repete sa li di men li pa di si li rekipere kont lan, Obed ki pat parèt twò enkyè pandan li tap reponn kesyon jounalis la mande fanmi li ak zanmi li pou yo rete tèt frèt paske li pap trayi orijin li e orijin li pap trayil.

Nap raple foto ak mesaj ki akize Obed ap pibliye sou tout rezo yo, selon pòt pawòl lapolis la ki tap reyaji sou dosye a fè konnen Evelyne te ale kay Obed epi grand sè Evelyne konfime ke ti sè li te ale kay mennaj lan li te rantre ta jou a kote li ta fè konnen li te bwè yon bagay ki ta fèl sou.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …