AYITI/ARESTASYON: YON MAJISTRA NAN LAKOU PEYI DAYITI ANBA KÒD POU ANPIL MOVE ZAK.

Komisè gouvènman Kap Ayisyen an mèt Richemond Florival mete anba kòd prezidan komisyon enterimè  komin Limonad la Gesner Dieudonné madi 3 novanm 2020 an.

Majistra a te genyon manda damne dèyè li kote yo repwoche li de anpil zak malonèt ke li ta gen men li tranpe ladan yo nan komin nan epi zak sa yo pini nan atik 224, 375, 365 epi 358 nan kòd penal la selon manda a ak motif arestasyon an, zak sa yo se asosyasyasyon malfektè, zak kraze brize nan komin Tomond pou site sa yo.

Avoka majistra a mèt Samuel Lamour ki te an kòlè apre arestasyon an fè konnen li pral fè sa lalwa di pou libere kliyan li an ke komisè gouvènman an mare san okenn prèv epi anplis ki se yon ajan egzekitif an fonksyon selon sa li fè konnen.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …