AYITI/DINEPA: NAN YON VIREWON DINEPA PREZANTE PLIZYÈ CHANTYE NAN ZÒN METWOPOLITÈN NAN KI PRAL PÈMÈT YO AMELYORE KALITE SÈVIS YO.

DINEPA ki se direksyon dlo pòtab ak asenisman nan peyi Dayiti prezante bay laprès plizyè Batiman kap konstwi nan zòn metwopolitèn pou kapab bay popilasyon an plis sèvis selon sa Direktè jeneral la fè konnen jounen jedi 4 novanb 2020 an .

Direktè jeneral DINEPA Guito Edrouard ak premye minis Joseph Jouthe, nan rankont lan te prezante yon chantye ki chita kò li nan Vivy Mitchell apre yo te rann yo nan yon lòt batiman ki nan taba 68.

Direktè jeneral la pale sou reyalizasyon 8 foraj nan komin Kwadèboukè ak zòn Pènye ki gen 200 m3 pou chak foraj ki bay an total 32000 m3/j ki preske 8.5 milyon galon dlo chak jou pou ranfòse rejion yo tankou Delma,Wout Frè, Puits-Blains, Taba, Jeral Batay.

Konstwiksyon rezèvwa Vivy Mitchell la genyon kapasite pou li bay 2000 mèt kib (m3) dlo ki egal ak 528 mil galo. Konstwisyon sa yo ki gen objektif amelyore kalite sèvis yap bay popilasyon Ayisyèn nan jwenn sipò Bank entèrameriken devlopman (BID) lan ak plizyè lòt patnè.

 

 

Angeline Michel.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …