Direktè Jeneral SEMANAH Éric Junior Prévost presante bay laprès Jedi 5 novanb 2020 an nouvo lokal ke SEMANAH pral genyen nan Tòsèl kote Biwo pwoteksyon sivil lan te ye a apre 38 lane depi yap bay sévis nan peyi a.
Direktè jeneral lan fè konnen depi lè li kòmanse nan tèt SEMANAH li te diskite ak premye minis lan, prezidan repiblik lan pou yo te ka genyen yon lokal ki pou yo direkteman.
li te fè yon remak pandan li nan fonksyon an ke aprè tranbleman tè 2010 lan batiman SEMANAH te kraze yo te oblije anfeme yon lokal nan Delma 31 ki te koute yo 2 milyon 500 mil goud chak ane ki rive plis ke 20 milyon gdes nan 10 lane pandan li konnen leta ayisyen gen plizyè lokal ak teren se yon nan rezon ki te pouse li fè demand sa nan plizyè enstisyon jis li rive jwenn espas biwo pwoteksyon sivil lan nan Tòsèl.
Direktè jeneral fè konnen li gen pou repentire nouvo lokal la anvan ane a fini epi nan tan kap vini yo pou fè yon etid achitektiral pou espas la.
Li remèsye prezidan ak premye dam lan manb gouvenman pou volonte yo ki te manifeste pou abouti ak yon lokal chè mèt chè mètrès san li pa bliye remèsye minis enteryè a ak minis twavo piblik lan pou èd yo epi li lage yon sos bò kote premye minis Joseph Jouthe ak Joaseus Nadère pou yo kontinye sonje SEMANAH pou lòt demach yo.
Valdony Fleurissaint