Ouragan Eta gen preske 200 moun ki pèdi lavi yo ou disparèt ak plizyè milye moun ki toujou anba dekonb nan 7 peyi nan amerik santral la selon AFP.
Daprè prezidan guatemala nan yon konferans pou laprès fè konnen ouragan Eta gen pliske 150 moun ki mouri ou disparèt nan peyi a poko gen vrèman yon chif egzakt men nan nò peyi Guatemala nan vilaj endijèn Queja gen gwo glisman teren .
Dimanch 8 novanb lan ougan Eta gen pou li rive nan peyi Kiba selon sant ameriken siveyans ouragan NHC .Li menase rive nan sidès Meksik ,Jamayk,il Kayman epi sid Florid.
Angeline Michel
Kredi foto:paris match