Kowòdonatè cereh a deplore fason leta ayisyen an ap jere sistèm edikatif la.

Depi plizyè jou CEREH(collectif des éducateurs pour le renouveau de l’éducation en Haïti) ap manifeste pou fè revandikasyon yo rive jwenn otorite konsène yo espesyalman minis Agénor Cadet .Pwen ki pi enpòtan yo se jwenn lajan leta dwe yo a sou lane 2016-2017 la, pou leta kontinye ak Psugo a epi mete bon jan strikti nan sistèm edikatif lan.

Daprè Mézac Saintil , kowòdonatè CEREH , Psugo a reponn ak atik 32.1 nan konstitisyon an ki di klèman ke edikasyon an se yon chaj ki dwe repoze sou do leta ak kolektivite teritoryal yo. Leta dwe met lekòl gratis pou tout moun epi veye nivo fòmasyon anseyan sektè piblik yo.

Mézac Saintil deklare: <<Prezidan Martelly te kreye Psugo(Pwogram scolarisation universelle gratuite et obligatoire) lan nan objektif poul te ka reponn ak egzijans konstitisyonèl sa. Nouvo prezidan an akòde plis enpòtans ak karavann chanjeman an , li sanble bliye enpòtans edikasyon genyen nan yon sosyete.>>

Selon kowòdonatè a avan, enplantasyon pwogram sa te parèt difisil epi mal kadre kèk lekòl ki te egziste sèlman de non te entegre pwogram nan san okenn dout se konplisite kèk wo grade nan leta.

Mézac Saintil afime ke minis edikasyon nasyonal la Agénor Cadet te deklare kel te jwenn sou biwo li an 2 sikilè ke minis ki soti a te kite ki pale de fen pwogram nan epi li te mansyone nan yo kel pap peye direktè yo pou lane 2016-2017 la, poul apiye asèsyon minis ki soti a li pretann ke direktè yo pat siyen kontra pou lane sa yo.

Epoutan Agénor Cadet revele madi 02 me pase a nan yon atelye travay ki te fèt nan otèl Oasis la , ke ministè a ap konfwonte gwo pwoblèm finansye se sak koz yo pa an mezi pou peye tout moun men li ap pran tout dispozisyon poul kòmanse ak 3 mil.

Agénor Cadet ajoute: <<Mwen mande tout direktè ak pwofesè yo pran pasyans pou ane lekòl sa ka fini an dousè.>>

<<L’homme qu’il faut à la place qu’il faut, si minis lan santil paka reponn ak egzijans pòs li an mande a kel libere plas la bay yon lòt ki gen plis kapasite. >> Esprime kowòdonatè CEREH a.

<<Nan non tout direktè ki poko ka touche , mwen Mézac Saintil deklare ke nou pap sispann revandike jiskaske leta di yon mo ak nou.>>

<<Tout timoun dwe jwenn menm fòmasyon, menm pwogram, menm jan edikasyon paske yo tout gen pou sibi menm egzamen ofisyèl.>>Soulinye kowòdonatè a.

Si leta pa renouvle Psugo a, ki avni timoun ki nan klas defavorize yo nan 5, 10 lane?

 

Lisa RIDORÉ

ridorelisa10@Gmail.com

+(509)4498-77-60

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …