LEMOND /DÈY:YOUN NAN PI GWO TEYORIS POLIS FEDERAL AMERIKEN TAP CHÈCHE NAN MOND LAN MOURI NAN PEYI IRAN.

Youn nan pi gwo teyoris nan mond lan Abdullah Ahmed Abdullah polis federal ameriken (FBI) tap chèche lontan de (2) moun sou moto touye li nan lari Téhéran nan mwa dawout  pase a selon New Yorks Times vandredi 13 novanb 2020 an.

Abdullah Ahmed Abdullah se nimewo 2 Al -Qaïda li akize akoz li te bay èd li nan atak ak bonb nan lane 1998 kont anbasad ameriken an nan peyi Afrik selon lajistis ameriken .

li mouri nan peyi Iran men se 2 ajan peyi Izrayèl ki touye li sou lòd Etazini daprè menm sous lan.

Nan machin viktim nan te ye a pitit li Miriam ki te ladann pèdi lavi li epi papa pitit li ki te pitit Oussama Ben Laden yon nan chèf Al -Qaïda nan lane 1990 te gentan mouri deja.

Pa gen youn nan peyi sa yo ki konsène a ki konfime enfòmasyon an, pou peyi Iran se yon enfòmasyon fabrike.

Angeline Michel

Kredi foto:fl.24

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …