AYITI/POLITIK: MOUVMAN MANIFESTASYON OPOZISYON AN NAN LAKOU PEYI DAYITI POU JOUNEN 18 NOVANM 2020 AN TRANSFÒME AN POLEMIK DJAKOUT T.VICE

Apre pil konfli pou kesyon chèf de fil, pòs ak enterè pèsonèl, mouvman opozisyon an transfòme jounen 18 novanb 2020 an an yon gwo polemik Djakout T.Vice kote chak lidè yo ap di se yo ki pi bon epi yo fè plis resèt, fanatik yo yon lòt bò ap kraze rezo sosyo yo pou joure antre yo epi di se gwoup pa yo ki pi bon.

Opozisyon an manifeste an de gwoup yon gwoup ki te gen nan tèt li sektè ki bay tèt li non sektè popilè epi demokratik la ki gen ladan li plizyè pati politik ak anpil ansyen palmantè gwoup sa te gen pou misyon rive devan palè nasyonal epi yon lòt gwoup ki te gen nan tèt li ansyen senatè Moïse Jean Charles ki pat gen sipò okenn lidè epi pati politik ki te gen misyon li menm rive devan anbasad peyi Etazini.

Gwoup ki pote non sektè popilè epi demokratik la pa rive fè pakou a jan yo te reve sa, yo ta pral tonbe sou lapolis la ki ba yo anpil gaz nan blòk Dèlma ak sou chanm mas kote yon gwoup tap tante reyini, militan yo ki te move te kreye anpil panik nan lari a voye wòch boutèy boule kawotchou pou site sa yo, apre echèk manifestasyon an lid vokal yo mèt André Michel an bon André fè yon twit move move pou akize lapolis la, gouvènman an epi G9 la ak ansyen polisye Jimmy Cherisier ke tout moun konnen sou non Babekyou ki tap sipòte lòt gwoup la li menm ki rive fè pakou pa li a apre yo te fin devye yon barikad lapolis, lid vokal yo Moïse Jean Charles ki te nan tèt foul la mikwo li nan menl atis la tap pèfòme li pèdi vwa tèlman li mete animasyon sou tout pakou a yo tap voye pwent sou lòt gwoup la, yo fè konnen yo mete plis moun deyò.

Sa pat rete la, pawòl anpil la ta pral kontinye byen bonè maten jedi 19 novanm 2020 an sou antèn radio television Caraibes kote lid vokal yo André Michel ak Moïse Jean Charles youn tap avili lòt, fanatik yo menm anvayi rezo sosyo yo kote chak ap di yo genyen sa kap di Moïse trayi sa kap di lòt sektè a se blofè ki pa negosye viza pandan popilasyon an bò kote pa li pa konn ki sen pou yo rele ankò anba lavi chè ensekirite poun site sa yo.

Ki enterè peyi a genyen nan fim djab sa kap jwe la?

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …