Madi 24 novanm 2020 an ansyen jwè entènasyonal fransè rugbi Christophe Dominici yo jwenn li mouri nan pak Sen Klou touprè kapital Lafrans .
Christophe Dominici 48 lane selon premye ankèt ki fèt moutre se sou do yon batiman ki nan pak lan li te monte nan kòmansman aprèmidi an avan li sote daprè yon sous polisyè.
Yon temwen te wè jwè a fè yon chit nan 10 mèt daprè yon sous jidisyè .pakèt Nanterre nan rejion Parisyèn nan ouvè yon ankèt pou jwenn vreman koz lanmò Christophe Dominici.
Angeline Michel
Kredi foto :wales online