BREZIL/DRAM:POU PI PITI 37 MOUN PÈDI LAVI YO NAN YON KOYIZYON YON TI BIS AK YON KAMYON NAN PEYI BREZIL

Yon ti bis ki  kònn pote moun kap travay nan izin  twal  ak yon kamyon frape ansanm epi  touye pou pi piti 37 moun nan sidès  peyi Brezil Mèkredi 25 novanm 2020 an daprè lapolis.

Ti bis lan te pote moun kap travay nan izin twal lan ,li te antre sou kamyon an  trè vyolan men yo poko jwenn rezon ki fè sa rive nan vil Taguai nan eta Sao Paulo.

Premye bilan yo te rapòte 32 moun te mouri. daprè laprès nan rejion an te gen anviwon 53 moun ki te nan ti bis lan, pandan polisye yo te rive sou teren an te gen plizyè kò moun tout kote.

 

Angeline Michel

Kredi foto: la presse int

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …