YON AVYON KI TE GEN 104 MOUN LADANN KRAZE NAN PEYI KIBA.

Yon avyon konpayi kibèn “Cubana aviaciòn” ki te gen ladann 104 moun kraze jodi vandredi 18 me 2018 la nan peyi Kiba.

Avyon sa ta pral kraze apre li te fin dekole nan awopò Jose Marti nan kapital peyi Kiba la “Havane”. Selon Otorite nan peyi Kiba yo  avyon sa tegen  ladann 104 moun ladann nèf (9) etranje. Twa (3) moun transpòte lopital trè grav selon enfòmasyon yo.

Prezidan Kiba Miguel Diaz-Canel  ki te ale nan lokalite Boyeros epi vilaj Las Vegas kote avyon an kraze a poul konstate dega yo  deklare “se regretab sak rive “, prezidan an mansyone te gen nèf manm ekipaj etranje nan Boeing 707 la.

 

 

 

kredi foto: LaPresse.ca

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …