AYITI/PNH: YON ANKÈT ENSPEKSYON JENERAL POLIS LA DEKOUVRI KI KANTITE POLISYE KI FÈ PATI GWOUP FANTOM 509 LA.

Pòt pawòl polis nasyonal peyi Dayiti a Jonet Vital fè konnen nan yon ankèt enspeksyon polis nasyonal la ki gen pou sig nan lang franse IGPNH mennen, yo rive dekouvri 70 polisye ki fè pati gwoup fantom 509 la.

Pòt pawòl la anonse nouvèl la nan yon konferans pou laprès jounen madi 8 desanm 2020 an, selon pòt pawòl la enspeksyon jeneral la gentan tande 60 nan polisye sa yo ki fè pati de gwoup fantom 509 la, gen diz (10) ke yo poko tande akoz yo pa reponn ak konvokasyon yo, selon Jonet Vital gen anpil mezi kap pran pou rive tande 10 lòt polisye sa yo pou kapab mete yon bout nan ankèt la epi pou mesye sa yo al peye pou zak yo.

[contact-form][contact-field label= »Nom » type= »name » required= »true » /][contact-field label= »E-mail » type= »email » required= »true » /][contact-field label= »Site web » type= »url » /][contact-field label= »Message » type= »textarea » /][/contact-form]

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …