LEMOND/AKSIDAN :YON MACHIN BLESE PLIZYÈ MOUN KI TAP MANIFESTE NAN SANT MANHATTAN

Yon machin blese plizyè moun  nan yon manifestasyon ki te fèt pou  lite kont moun yo mete nan prizon pou pwoblèm  papye yo jounen vandredi 11 desanm 2020 an nan Manhattan .

Lapolis nan vil New York fè konnen viktim yo te transpòte nan plizyè lopital nan peyi a men blese yo pa te parèt  twò grav pou yon moun ta pèdi lavi li.

Daprè temwen yo sou volan machin te gen yon fanm .li te mache  machin nan  aprè li te fini kanpe yon premye fwa pandan plizyè moun te kanpe li.

Moun sa yo tap manifeste kont kondisyon prizon pou moun san papye yo lè sèvis imigrasyon pran yo.

Angeline Michel

Kredi foto: lapresse int

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …