Chantè Pòtigè Carlos Carmo ki se youn nan chantè fado yo ki fè non li nan lemond ak kapasite li genyen pou li fè moun viv lè lap chante epi ki konsidere kòm vwa Lisbònn bay dènyè souf li vandredi 1 janvye 2021 an .
Gouvènman peyi Pòtigal anonse yon jou dèy lendi 4 janvye 2021 an nan tout peyi nan memwa chantè an.
Premye minis lan Antonio Costa nan kominike an fè konnen se yon gwo tristè ak yon profon doulè ki anvayi li pandan li aprann lanmò Carlos do Carmo.
Angeline Michel
Kredi foto:le monde