AYITI/ENSEKIRITE: POPILASYON TI RIVYÈ A FRAPE PYE YO ATÈ KONT BANDI NAN SAVYEN YO KI ANPECHE YO VIV

Popilasyon Ti rivyè a nan depatman Latibonit frape pye yo atè pou elimine bandi ki anpeche yo viv espesyalman bandi ki nan baz « gran grif » ke Odma ap dirije.

Pou mete bandi sa yo nan kanpe lwen popilasyon an nan tèt kole ak lapolis ke yo te fòse akonpaye yo selon enfòmasyon yo mennen yon gwo operasyon nan zòn Savyen jedi 14 janvye 2021an kote yo mete men sou plizyè nan bandi Gran grif yo ke yo touye epi rache.

Operasyon sa ke lapolis poko bay yon bilan sou li koze anpil mò ak blese nan kan popilasyon an ak bandi yo, pami blese yo chèf tou pwisan baz gran grif la Odma ki ta pran bal selon enfòmasyon yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …