AYITI/MANIFESTASYON: JOUNALIS YO PILE BETON AN POU MANDE LAPOLIS RESPEKTE DWA YO GENYEN.

Plizyè jounalis pran lari jounen jedi 28 janvye 2021 an pou denonse britalite lapolis sou yo nan kad travay yo pou enfòme popilasyon an.

Jounalis yo ki te jwenn sipò anpil moun nan popilasyon an te fè plizyè pakou Chanm mas kote yo te demare, Lali, Avni Charles Summer pou site zòn sa yo, jounalis yo denonse sou tout wout yo zak brital plizyè konfrè te viktim nan dènye manifestasyon opozisyon an jou ki te 22 janvye 2021 an kote Réginald Rémy, Stanley Gérôme ak plizyè lòt te viktim anba men lapolis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …