AYITI/GRÈV: MWA FEVRIYE A DEMARE AK YON GRÈV KI RIVE KOKOBE TOUT AKTIVITE YO NAN PEYI A.

Grèv sendika transpò a te anonse nan tout peyi a jounen lendi premye fevriye 2021 an pou denonse zak kidnapin nan kap taye banda dènye jou sa yo respekte prèske sou tout tèritwa nasyonal la.

Tout aktivite nan peyi a tankou lekòl, bank prive yo, biwo leta yo, transpò piblik la pou site sa yo pa fonksyone nan kapital la ak nan vil pwovens yo pou premye jounen grèv la ki gen pou objektif fòse otorite yo pran responsabilite yo ak zak kidnapin nan epi ensekirite a kap vale teren chak jou bondye mete.

Majorite moun nan popilasyon an te rete lakay yo apa de kèk ti machann ki te pran lari a pou chache lavi ak chofè moto yo ki pat chome 100% lari a te blanch kou koton.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …